settings icon
share icon
Kesyon

Kisa kat lwa espirityèl yo ye?

Repons


Kat Lwa Espirityèl yo se kat lwa ki la pou ede byen pataje bòn nouvèl Sali a atravè lafwa nan Jezi Kris. Nan yon fason byen senp, Lwa sa yo rezime Levanjil la an kat pwen.

Premye lwa nan Kat Lwa Espirityèl yo di konsa "Bondye renmen ou e li gen yon plan mèvèye pou lavi ou." Jan 3:16 di nou, "Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li pap pedi lavi yo. Okontrè ya gen lavi ki pap janm fini an " Jan 10:10 ban nou rezon ki fè Jezi te vini, "Mwen te vini pou yo ka gen lavi, lavi an abondans." Kisa ki anpeche nou kontanple lanmou Bondye? Ki sa ki anpeche nou gen yon lavi an abondans ?

Dezyèm lwa nan Kat Lwa Espirityèl yo di konsa "Limanite tache ak peche se pou sa ke li separe de Bondye. Pa konsekan, nou pa ka konnen plan ekstraòdinè Bondye gen pou lavi nou an." Romen 3:23 konfime enfòmasyon sa a, "nou tout fè peche, nou tout tonbe lwen laglwa Bondye." Women 6:23 ban nou konsekans peche, "salè peche se lanmò." Bondye te kreye nou pou nou kenbe relasyon ak li. Men, limanite rantre peche nan monn sa a, pa kosekan li separe de Bondye. Nou te gate relasyon ke Bondye te vle pou nou gen avèk li a. Ki sa ki se solisyon an?

Twazyèm lwa nan Kat Lwa Espirityèl la di konsa, " Jezi Kris se sel fason pou peche nou yo jween padon . Atravè Jezikri, peche nou yo kapab padone, epi nou gen yon lot chans pou nou restore relasyon nou ak Bondye." Romen 5:8 di nou, "Men, Bondye demontre lanmou li pou nou sou pwen sa a: Pandan ke nou te nan peche, Kris la te mouri pou nou." 1 Korentyen 15:3-4 enfòme nou de sa nou bezwen konnen, de sa nou dwe kwè pou n ka sove, "...Kris la te mouri pou peche nou yo, dapre Ekriti yo, apre ki li fin mouri epi antere li, li leve byen vivan soti pami mo sou twazyèm jou. Nan Jan 14:6 Jezi di nou ke li se sel moyen pou yon moun sove : "Se mwen menm ki chemen an ak verite a ak lavi. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen". Kouman mwen ka resevwa kado ekstraòdinè delivrans sa a?

Katriyèm lwa nan Kat Lwa Espirityèl yo di, "Nou dwe mete konfyans nou nan Jezikri kòm Sovè nou pou n ka resevwa kado Sali a , epi pou n konnen plan ekstraòdinè Bondye gen pou lavi nou." Jan 1:12 dekri sa pou nou, "Men, sa ki te resevwa li yo, sa ki te kwè nan non li, li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye" Akt 16:31 di li trè klè, "Mete konfyans nou nan Seyè Jezi, epi ou va sove!" Nou ka sove pa gras sèlman, atravè lafwa sèlman, nan Jezikris sèlman (Efezyen 2:8-9).

Si w vle mete konfyans ou nan Jezikri kòm sovè w, fe priye sa . Repete pawòl sa yo pa pral sove w, men se lafwaw nan Kris la ki kapab sove w! Lapriyè sa a se tou senpleman yon fason pou w eksprime lafwa ou nan Bondye epi remèsye li paske li fe yon wout pou w ka sove. "Bondye, mwen konnen ke m peche kont ou menm e mwen merite pinisyon. Men Jezikri te pran pinisyon ke m merite a atrave lafwa nan li mwen kapab jwenn padon. Mwen resevwa padon’w ofri’m nan e’m mete konfyans mwen ou pou sove’m. Mwen asepte Jezi kòm sove pèsonel mwen! Mèsi pou kalite gras sa e mèsi paske ou padone peche’m yo ! Amèn.

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa kat lwa espirityèl yo ye?
© Copyright Got Questions Ministries