settings icon
share icon
Kesyon

Kimoun Jezikri ye?

Repons


Kontreman a kesyon « Eske Bondye egziste » Minorite moun kesyone si Jezikri te egziste. Yo jeneralman te aksepte ke Jezikri te vrèman yon moun ki te mache sou tè Israyèl 2000 an pase. An general diskisyon an leve leu yo komanse pale de « idantite Jezikri ». Preske tout majorite relijyon yo anseye ke Jezikri se te yon pwofèt ou yon bon pwofesè ou yon moun diven. Pwoblèm nan, se ke Bib-la di nou ke Jezi enfiniman plis ke yon pwofèt, yon bon pwofesè, ou yon òm diven.

C.S.Lewis nan liv li-a « Mere Christianity » ekri bagay sa : « M’ap eseye anpeche moun repete bagay ki reyèlman fo ke moun souvan di ò sijè de Jezikri ,pa egzanp: « Mwen prè pou m asepte Jezikri kòm yon gran pwofesè moral, men mwen p’ap aksepte afime-l kòm Bondye. Sa-a se youn nan bagay nou pa dwe di. Yon moun ki te sèlman yon moun e ki te di jan de bagay ke Jezikri te di pa t’ap kapab yon gran pwofesè moral sèlman. Pase sa li tap plis sanble yon moun fou - yon enposte – oubyen yon demon. Ou lib pou fè chwa ou. Seswa ou aksepte ke nonm sa a te pitit Bondye, oubyen yon moun fou osinon yon bagay ki pi mal toujou. Ou kapab fè-l fè silans pou moun fou, ou kapab krache sou li, ou kapab touye-l kòm yon demon, oubyen ou kapab tonbe nan pye li e rele-l Senyè e Bondye. Men nou pa ka pran okenn pretèks pou di ke li se yon gran pwofesè limanite. Li pat lese opsyon sa a ouvè pou nou, li pat gen sa nan plan li. » (Macmillan, 1952, p. 55–56).

Konsa, ki moun nou te afime ke Jezi ye? kisa Bib-la di sou li? premyèman, gade pawòl Jezikri yo nan Jan 10 :30 « Mwen menm ak Papa-a, nou se yon sèl » premyè koudèy, li pat sanble tankou yon reklam pou-l di li se Bondye. Sepandan, ann gade deklarasyon reyaksyon jwif yo « Jwif yo reponn li, se pa pou okenn bagay nou vle touye-w ak kout wòch, men se paske w’ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye epi w‘ap chache pase pou Bondye » (Jan 10 :33). Jwif yo te konprann deklarasyon Jezi-a kòm yon moun ki t’ap fè tèt li pase pou Bondye. Nan vèsè swivan yo, Jezi pat janm korije jwif yo pou-l te di “ Mwen pat janm fè tèt mwen pase pou Bonbye » Sa endike Jezi te vrèman di li se Bondye lè-l te deklare « Mwen menm ak Papa-a, nou se yon sèl » (Jan 10 :30). Jan 8 :58 Se yon lòt egzanp : « Mwen di nou laverite, Jezi te reponn, Abraram pat ankò fèt, mwen menm mwen te la” An repons, lè sa yo ranmase wòch pou yo kalonnen li (Jan 8 :59). Jezi anonse idantite li kòm « Mwen se » Se yon aplikasyon dirèk non Bondye te pote nan Ansyen Testaman an. Poukisa jwif yo te vle kalonnen Jezi ak kout wòch si li pat di bagay yo te kwè ki se blasfèm, annou di yon afimasyon ke li se Bondye.

Jan 1 :1 di « Pawòl-la te Bondye » Jan 1 :14 di « Pawòl-la tounen moun » Sa klèman endike ke Jezikri se Bondye nan lachè. Toma, disip Jezi-a te deklare : « Senyè mwen e Bondye mwen » Jan 20 :26 Jezi pat korije li. Apòt Pòl dekri li kòm “Gran Dye nou e Sovè nou Jezikri “ Tit 2:13 Apòt Pyè di menm bagay la. “ Bondye nou, Sovè nou, Jezikri” 2 Pyè 1:1 Bondye Papa-a se temwen plen idantite Jezi tou.

Men osijè pitit la li di « oh Bondye, twòn ou la pou touttan. W’ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan wayòm ou” Pwofesi Ansyen Kontra-a anonse divinite Kris-la. Nou gen yon ti pitit ki fèk fèt. Bondye ban nou yon gason, se li menm ki pwal chèf nou. Y’a rele-l bon konseyè, Bondye ki gen tout pouvwa, Papa ki la pou tout tan an. Y’ap rele-l prens de lapè » Ezayi 9 :6 Ensi, kòm S.C Lewis te agimante. « kwè ke Jezi se sèlman yon bon pwofesè, se pa yon bon opsyon. Jezi klèman deklare e li pa nye afimasyon ke li se Bondye. Si li pat Bondye, li se yon mantè, e pakonsekan, li pat yon pwofèt, yon bon pwofesè, ni yon òm diven. Nan tantativ pou esplike pi lwen pawòl Jezikri yo lekol modènn yo afime ke istwa Jezi a se vérité, e yo pat bay anpil bagay ke Bib-la atribye a Jezi. Ki moun nou ye pou nou diskite ak pawòl Bondye konsènan sa Jezikri te di ak sa li pat di? Kòman fè lekol modèn nan apre plis ke 2000 an ,konprann mesaj Jezi pi byen ,nan sa-l te di, nan sa-l pat di, ke moun ki t’ap viv avè-l yo, ke moun ki t’ap sèvi-l yo e moun ki te anseye pa li menm yo?

Poukisa kesyon sou vrè idantite Jezikri-a si enpòtan? Kisa ki kapab pwoblèm si Jezikri pat Bondye? Rezon ki pi enpòtan ki dwe fè ke Jezi se Bondye, sèke si li pat Bondye, lanmò li pa tap sifi pou peye chatiman peche lemonn antye. 1 Jan 2 :2 di nou ke se Sèlman Bondye ki te kapab peye yon si gran chatiman enfini. Sèlman Bondye ki te kapab pote peche limanite. Women 5 :8; 2 Korentyen 5:4 fènou konnen ke Jezi te dwe Bondye, konsa li te kapab peye dèt nou yo. Jezikri te dwe lòm, konsa li te kapab mouri. Sali-a li disponib sèlman atravè lafwa nan Jezikri. Divinite Jezi-a se paske li sèl chenmen Sali-a. Divinite Jezi-a se rezon ki fè-l te pwoklame : « Mwen se chenmen, verite ak lavi-a, pèsonn pa kapab ale jwenn Papa-a si li pa pase pa mwen menm » Jan 14 :6.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kimoun Jezikri ye?
© Copyright Got Questions Ministries