settings icon
share icon
Kesyon

Mwen fèk sot mete konfyans mwen nan Jezikri…kounye-a, kisa sa vle di?

Repons


Felisitasyon! Ou pran yon desizyon pou ou chanje lavi ou. Petèt w-ap mande “Kounye-a kisa? Kòman mwen kapab kòmanse vwayaj mwen ak Bondye? » Senk pa ki mansyone anba-a yo va ba ou direksyon nan Bib-la. Lè ou genyen kesyon sou vwayaj sa a, silvouplè vizite www.GotQuestions.org/Kreyol-Ayisyen.

1. Asire ou ke w konprann sali-a.

1 Jan 5:13 di nou, « m’ap ekri nou lèt sa-a, nou menm ki kwè nan pitit Bondye-a pou nou ka konnen ke nou gen lavi ki p’ap janm fini-an » Bondye vle nou konprann sali-a. Bondye vle nou genyen asirans ke nou konnen avèk asirans ke nou sove. Nan yon ti tan, ann ale nan pwen kle sali-a.

a. Tout moun fè peche, yo tout vire do bay Bondye ki gen tout pouvwa-a (Women 3:23).

b. Akòz peche nou yo, nou merite pinisyon, separasyon etènel avèk Bondye (Women 6:23).

c. Jezi te mouri sou lakwa pou-l peye pou peche nou yo (Women 5:8, 2 Korentyen 5:21).

Jezi mouri nan plas nou, pran chatiman ke nou te merite-a. Rezireksyon li te montre ke lanmò li te sifi pou-l peye pou peche nou yo.

d. Bondye bay padon ak sali pou tout moun ki mete konfyans yo nan Jezikri, ki kwè nan lanmò li kòm moun ki peye dèt peche nou yo (Jan 3:16, Women 8:1, Women 5:1).

Sa-a se mesaj sali-a! Si ou mete konfyans ou nan Jezikri kòm sovè pèsonel ou, w-ap sove! Tout peche ou yo padonnen, e Bondye pwomèt pou li pa janm kite ou, oubyen abandonnen-w (Women 8:38-39 ; Matye 28:20). Sonje, Sali vle di ke ou asire nan Jezikri (Jan 10:28-29). Si ou kwè nan Jezikri kòm sèl sovè-w, ou kapab gen asirans ke ou va pase letènite avèk Bondye nan syèl-la.

2. Jwenn yon bon legliz k-ap anseye Bib-la.

Piga ou panse legliz-la tankou yon gwo kay. Legliz la se moun yo. Li enpòtan anpil pou kwayan Jezikri yo gen bon relasyon youn ak lòt. Sa-a se youn nan premyè objektif legliz-la. Kounye-a ou fin mete konfyans ou nan Jezikri. Nou ankouraje ou pou ou jwenn nan zòn kote ou rete-a, yon legliz ki kwè nan ansèyman liv biblik yo epi pale ak Pastè-a. lese li konnen nouvèl konfyans ou nan Jezikri.

Yon dezyèm objektif legliz-la se anseye Bib-la. Ou kapab aprann kòman pou ou anplwaye nouvèl enstriksyon Bondye yo nan lavi-w. konpreyansyon Bib-la se yon kle pou ou viv yon vi kretyèn plen siksè ak pwisans 2 Timote 3:16-17 la di nou: Tout sa ki ekri nan liv-la, se nan Lespri Bondye-a yo sòti. Y’ap sèvi pou montre moun verite-a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k’ap fè fòt, pou montre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye. Konsa, yon moun k’ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tout sa li bezwen pou-l fè tout sa ki byen.

Twazyèm objektif legliz-la se adorasyon. Adorasyon se remèsye Bondye pou tout sa li fè. Bondye te sove nou. Bondye renmen nou. Bondye pran swen nou. Bondye gide e dirije nou. Kòman pou nou pa ta ka remèsye li? Bondye sen, li jis, li se lanmou, li gen konpasyon e plen ak gras. Revelasyon 4:11 deklare. “O Bondye mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle-l”.

3. Dispoze yon tan akote pou ou konsantre ou sou Bondye.

Li enpòtan anpil pou nou pase yon tan chak jou pou nou konsantre nou sou Bondye. Anpil moun rele li « yon ti tan trankil » Lòt moun rele li « Devosyon ». Paske li se yon tan ke nou konsakre nou menm menm ak Bondye. Gen moun ki prefere li nan maten pandan ke gen lòt ki pito li nan aswè. Se pa jan ou priye a ni a ki lè ou priye ki pi enpotan , men Sa ki enpòtan an se pase tan regilyèman ak Bondye. Ki evènman ki reyini tan nou ak Bondye?

Priye, se sèlman pale avèk Bondye. Pale avèk Bondye de bagay ki preokipe ou, pwoblèm ou yo e mande li pou li ba ou sajès ak direksyon. Mande Bondye pou soutni bezwen nou yo. Di Bondye konbyen ou renmen li e konbyen ou apresye sa li fè pou ou . Se tout sa priyè-a ye.

b. Li Bib-la. Anplis de ansèyman Bib-la nan legliz-la, lekòl dominikal ou etid biblik, ou bezwen li Bib-la pou kont ou. Bib-la gen tout bagay ou bezwen konnen pou ou ka viv yon vi kretyèn plen ak siksè. Li genyen direksyon Bondye pou ou ka pran yon saj desizyon, kòman ou ka konnen volonte Bondye, kòman ou pou dirije lòt moun, kòman ou ka grandi espirityèlman. Bib-la se pawòl Bondye menm pou nou. Bib-la se esansyèlman enstriksyon manyèl Bondye pou kòman pou nou viv vi ou yon fason ki fè li plezi e ki satisfè nou.

4. Devlope relasyon avèk moun ki ka ede nou espirityèlman.

1 Konrentyen 15:33 di nou « piga nou twonpe tèt nou, move zanmi gate bon levasyon » Bib-la plen ak avètisman sou enfliyans “move moun” ka gen sou nou. Pase tan avèk moun ki angaje yo nan aktivite peche va lakoz nou tante pa aktivite sa yo. Levasyon moun sa yo ki antoure nou yo va detènn sou nou ti kras pa ti kras. Se poutèt sa, li enpòtan pou nou rasanble nou, nou menm menm, avèk moun ki renmen Senyè-a epi ki angaje avèk li.

Eseye jwenn yon zanmi oubyen de, petèt nan legliz ou, moun ki kapab ede ou e ankouraje-w (Ebre 3:13, 10:24) Mande zanmi ou yo pou yo kesyone w sou kouman ou pase tan lib ou yo, aktivite ou yo, mach ou ak Bondye. Mande si ou kapab fè menm ak yo. Sa pa vle di ou dwe abandonnen tout zanmi ou yo ki pa konnen Jezi Senyè-a kòm sovè yo. Kontinye fè zanmi yo epi renmen yo, sèlman fè yo konnen ke Jezi te chanje lavi ou e ou pa kapab fè tout bagay ou te abitye fè yo. Mande Bondye pou-l ba ou opòtinite pou pataje Jezi avèk zanmi ou yo.

5. Batize

Anpil moun mal konprann batèm, Mo « Batize » vle di plonje nan dlo. Batèm nan se fason biblik e piblikman pwoklame de yon nouvèl konfyans nan Jezikri e yon angajman pou swiv li. Aksyon nan dlo-a vle di mouri avèk Kris. Aksyon sòti nan dlo-a montre rezireksyon nou ak Kris-la. Lè ou batize, sa idantifye ou menm avèk lanmò, antèman e rezireksyon Kris la (Women 6:3-4).

Batèm nan paka sove-w. Batèm nan pa retire peche ou yo. Batèm nan se sèlman yon pa de obeyisans, yon pwoklamasyon piblik de lafwa ou a Kris sèl pou sali ou. Batèm nan enpòtan paske li se yon pa de obeyisans - yon deklarasyon piblik de konfyans ou nan Kris e yon angajman ak li. Si ou prè pou batize, pale avèk Pastè-ou.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Mwen fèk sot mete konfyans mwen nan Jezikri…kounye-a, kisa sa vle di?
© Copyright Got Questions Ministries