Kesyon
Poukisa moun nan Jenèz te viv anpil tan konsa?
Repons
Li se yon mistè pou’n konprann poukisa moun yo ke Jenèz pale de yo a nan kòmansman chapit li yo te viv anpil tan konsa. Gen anpil teyori save biblik yo prezante sou sa. Jeneyaloji nan Jenèz 5 anrejistre liy desandan Sèf yo ; liy ki ta pral evantyèlman pwodwi Mesi a, petèt Bondye beni liy fanmi sa a ak lonjevite espesyalman akoz de rezilta bonte yo ak obeyisans yo. Pandan ke sa a se yon eksplikasyon ki posib, Bib la pa bay okenn kote espesyalman ke li limite longè lavi moun sa yo ki mansyone nan Jenèz chapit 5. Pi lwen, apre Enòk, Jenèz 5 pa idantifye pyès lòt moun kòm yo te espesyalman diven. Li posib ke tout moun pandan tan sa a te viv plizyè santèn lane. Plizyè faktè ka kontribye nan sa.
Gen yon bagay ki te rive nan inondasyon an ki diminye lonjevite lavi lèzòm. Konpare lonjevite yo anvan inondasyon an (Jenèz 5:1-32) ak si la yo ki apre inondasyon an (Jenèz 11:10-32). Touswit apre inondasyon an, laj yo diminye dramatikman epi li te kontinye diminye. Youn nan rezon yo se ta ke nan Jenèz 6:3: "Lè Seyè a wè sa, li di: Mwen p'ap kite lèzòm viv pou tout tan, paske se moun ase yo ye. Se sanventan (120 an) sèlman pou yo viv." Anpil moun fè referans ak "sanven ane (120)" kòm nouvo limit la, li divinman mete yon limit sou laj lèzòm. Depi lè Moyiz (ki te viv 120 ane), lonjevite lavi te vin pi kout. Apre Moyiz, nou pa gen okenn dosye sou pyès moun ki viv pase 120.
Yon teyori poukisa moun yo nan Jenèz te viv pou anpil tan konsa baze sou lide ke yon kanopi (kouveti) dlo te antoure tè a. Daprè teyori kanopi a, dlo a "anwo vout la" (Jenèz 1:7) kreye yon efè ki lakòz efè tèmik epi bloke anpil nan radyasyon ki frape tè a kounye a, sa ki lakòz kondisyon lavi koupman nan lavi nou. Nan moman gwo inondasyon an, kouveti (kanopi) dlo a te vide sou tè a (Jenèz 7:11), ki fini anviwònman ideyal la. Pifò nan kreyasyonis yo jodi a abandone teyori kanopi a.
Yon lòt konsiderasyon se ke, nan premye jenerasyon yo apre kreyasyon an, kòd jenetik imen an te devlope kèk domaj. Adan ak Èv te kreye pafè. Yo te trè rezistan kont epidemi ak maladi. Desandan yo a ta eritye menm avantaj sa yo, kwake nan yon degre ki pi piti. Apre tan pase, kòm yon rezilta pou peche, kòd jenetik imen an te vin de pli zan pli koripsyone, epi èt imen vin de plis an plis sansib a lanmò ak maladi. Sa a ta lakòz tou rezon ki fè lavi lèzòm redwi.
English
Poukisa moun nan Jenèz te viv anpil tan konsa?