settings icon
share icon
Kesyon

Kijan Bondye ka reponn priyè mwen?

Repons


Anpil moun kwè Bondye reponn lapriyè yo se lè Bondye bay sa yo mande nan lapriyè ke yo ofri li a. Si yon demann lapriyè pa akòde, yo konprann li kòm yon lapriyè "san repons." Sepandan, sa a se yon konpreyansyon ki pa kòrèk sou lapriyè. Bondye reponn tout lapriyè ki leve devan li. Pafwa Bondye reponn "non" oswa "rete tann." Bondye sèlman pwomèt pou li reponn priyè nou yo lè nou mande selon volonte li. "Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l' kichòy ki dakò ak volonte li. Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l' yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l' la." (1 Jan 5:14-15).

Kisa sa vle di pou priye selon volonte Bondye? Priye daprè volonte Bondye a se lapriyè pou bagay ki onore ak fè lwanj Bondye ak / oswa priye pou Bib la revele byen klè volonte Bondye. Si nou priye pou yon bagay ki pa onore Bondye oswa pa volonte Bondye pou lavi nou, Bondye pap bay sa nou mande a. Kijan nou ka konnen ki sa volonte Bondye ye? Bondye pwomèt pou li ba nou bon konprann lè nou mande’l. Jak 1:5 pwoklame, "Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi." Yon bon plas pou’n kòmanse se 1 Tesalonisyen 5:12-24 , ki eksplike anpil bagay ki se volonte Bondye pou nou. Plis nou konprann Pawòl Bondye a, pi plis nou pral konnen pou kisa pou nou priye (Jan 15:7). Plis nou konnen pou kisa pou’n priye, pi souvan Bondye ap reponn "wi" pou demann nou yo.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kijan Bondye ka reponn priyè mwen?
© Copyright Got Questions Ministries