settings icon
share icon
Kesyon

Pechew yo te jwenn padon? Kòman m’ kapab resevwa padon nan men Bondye?

Repons


Travay 13:38 deklare : “pakonsekan, Frè-m yo nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l’ap padonnen tout peche nou yo.”

Kisa padon an ye e poukisa nou bezwen li?

Mo “padonnen” an vle di efase pwòp yon adwaz, anile yon dèt konpletman. Lè nou fè yon frè-n di to, nou chèche yon fason pou li padone nou ,yon fason pou restore relasyon nou avek li. Ou pa padone yon moun paske li merite sa, daye Pèsonn pa dign pou jwenn padon. Padon se yon gès lanmou, mizèrikòd ak gras. Padone se yon desizyon kew pran pouw pa kenbe anyen kont yon lòt moun, an depi de tout sa-l te fè-w ki mal.

Bib-la di nou, nou tout bezwen padon nan men Bondye. Nou tout fè peche. Eklezyas 7:20 afime « pa gen moun k’ap mache dwat sou latè, pa gen pyès moun ki ka di tout sa li fè se byen, li pa janm fè sa ki mal » 1 Jan 1:8 di « si nou di nou pa fe peche, se tèt nou n’ap twonpe e Verite-a pa nan nou » .Tout peche se yon ak rebelyon kont Bondye.« Lave-m, foubi-m pou wete fòt mwen yo paske se kont ou menm menm mwen peche » (Sòm 51:4). Nou bezwen padon Bondye nan desespwa nou yo. Si peche nou yo pa padonnen, nou pral pase tout etenitè nou nan yon soufrans kòm konsekans peche-n yo. (Matye 25:46; Jan 3:36).

kòman m’ kapab jwenn Padon?

Nou ba-l remèsiman paske-l se yon Bondye damou e ki gen kè sansib – Li toujou gen dezi pou padonnen peche nou yo! 2 Pyè 3:9 di nou « Senyè-a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè-a. okontrè, se pasyans l’ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pèsonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li » Bondye vle padonnen nou, e li fè sa ki nesesè pou sa.

Sèl sanksyon jis pou peche nou yo se lanmò. Premye mwatye vèsè Romen 6:23 fe nou konnen “ Salè peche-a se lanmò” konsekans peche nou yo se Lanmò Etènel. Bondye, nan plan pafè li a, li te vin tounen moun, pou viv nan mitan nou (Jan 1:1, 14). Jezi te mouri sou lakwa, li pran pèn ke nou te merite-a ki se lanmò. 2 Korentyen 5:21 ansenye nou « Kris-la pat janm fè okenn peche, men Bondye fè-l pran sò nou yo sou kont li, yo trete-l tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris-la, Bondye fè nou gras. Jezi mouri sou kwa-a, li pran pinisyon ke-n te merite-a! kòm Bondye, lanmò Jezi-a founi padon pou peche lemonn antyè.

1 Jan 2:2 pwoklame “paske Jezi te ofri tèt li kom sakrifis non selman pou peche nou yo men tou pou peche tout mond lan. » Jezi leve byen vivan sòti nan lanmò ; li pwoklame viktwa sou peche ak lanmò, (1 Korentyen 15 :1-28). Lwanj pou Bondye atravè lanmò e rezireksyon Jezikri. dezyèm mwatye vese Romen 6:23 di konsa : « Men kado Bondye se lavi etènel atravè Jezikri Senyè nou-an ».

Eskew ta renmen pou peche w yo jwenn padon ? Eske-w gen santiman ke peche w yo tro lou pou yo ta jwenn padon? Tout peche-w yo kapab jwenn padon si-w met konfyans ou nan Jezikri kòm sovè-w. Efesyen 1:7 di “ gras a san li ki te koule a nou delivre anba peche e se yon gras ke Bondye fe nou. » Bondye te peye dèt nou yo pou nou, konsa, nou kapab jwenn padon. Tout sa-w dwe fè se mande Bondye pou padonnen-w atravè Jezi, kwè ke Jezi te mouri pou peye pou pechew yo. Jan 3:16-17 pote yon mesay mèvèye “Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl grenn pitit li-a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an. Bondye pa voye pitit li-a sou latè pou kondane lèzòm men pito pou’l te kapab delivre yo ».

Padon – Eske-l reyèlman fasil pou jwenn Padon?

Wi, se fasil! Ou menm poukont ou pa kapab jwenn padon devan Bondye. Ou pa kapab peye Bondye dèt peche w yo. Men ou kapab sèlman resevwa li, pa lafwa, atravè gras e mizèrikòd Bondye. Si ou vle asepte Jezikri kòm sovè-w e resevwa padon nan Bondye. Men priyè ou kapab priye. Di priyè sa ou nenpòt lòt priyè p’ap ka sovè-w. Se sèlman kwè nan Jezikri ki kapab founi padon peche-w yo. Priyè sa se senpleman yon fason pou esprime Bondye konfyans ke w gen nan li, e remèsyè-l pou padone li padone peche’w yo « Bondye, mwen konnen mwen peche kont ou e-m merite kondanasyon. Men Jezikri te pran pinisyon ke’m te merite a , mwen seten atravè lafwa nan li, m’ kapab jwenn padon. Mwen mete konfyans mwen nan ou pou’m kapab sove. Mèsi pou kalite gras sa e mesi paske ou padone peche’m yon! Amèn.

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Pechew yo te jwenn padon? Kòman m’ kapab resevwa padon nan men Bondye?
© Copyright Got Questions Ministries