settings icon
share icon
Kesyon

Poukisa lapriyè?

Repons


Pou Kretyen an, lapriyè ta sipoze tankou respirasyon, li pi fasil pou nou fè li ke nou pa fè li. Nou priye pou plizyè rezon. Dabò lapriyè se yon fason nou sèvi Bondye (Lik 2:36-38) ak obeyi’l. Nou priye paske Bondye mande nou pou nou priye (Filipyen 4:6-7). Kris la ak premye legliz montre nou kijan pou nou priye (Mak 1:35; Travay 1:14; 2:42; 3:1; 4:23-31; 6:4; 13:1-3). Si Jezi te panse li te entèrésan pou priye, nou ta dwe tou. Si Li te bezwen priye pou li rete nan volonte Papa a, konbyen anplis nou bezwen priye?

Yon lòt rezon pou lapriyè se ke lapriyè se entansyon Bondye pou ba nou mwayen pou’n jwenn solisyon li nan anpil sitiyasyon. Nou priye an preparasyon pou gwo desizyon (Lik 6:12-13); simonte baryè dyabolik (Matye 17:14-21); pou rasanble travayè yo pou rekòt espirityèl la (Lik 10:2); jwenn fòs pou simonte tantasyon (Matye 26:41); ak pou jwenn mwayen pou ranfòse lòt moun espirityèlman (Efezyen 6:18-19).

Nou vin jwenn Bondye avèk demann espesifik nou yo, e nou gen pwomès Bondye a ke lapriyè nou yo pa pou granmesi, menm si nou pa resevwa espesyalman sa nou te mande a (Matye 6:6; Women 8:26-27). Li te pwomèt ke lè nou mande pou bagay ki an akò ak volonte li, Li pral ba nou sa nou mande a (1 Jan 5:14-15). Pafwa Li retade repons li yo daprè bon konprann li ak pou benefis nou yo. Nan sitiyasyon sa yo, nou dwe pèsistan nan lapriyè (Matye 7:7; Lik 18:1-8). Lapriyè pa ta dwe konsidere kòm yon mwayen pou nou fòse Bondye pou fè volonte nou sou tè a, men pito kòm yon mwayen pou nou resevwa volonte Bondye sou tè a. Bon konprann Bondye a depase nou.

Pou sitiyasyon kote nou pa konnen volonte Bondye espesyalman, lapriyè se yon mwayen pou nou disène volonte li. Si fanm Siryen ki te gen pitit fi ki te gen move lespri sou li a pat priye Kris la, pitit fi li a pa t’ap geri (Mak 7:26-30). Si avèg kite deyò lavil Jeriko a pa’t rele Kris la, li t’ap rete avèg (Lik 18:35-43). Bondye te di ke nou souvan ale san nou pa jwenn paske nou pa mande (James 4:2). Nan yon sans, lapriyè se tankou pataje levanjil la avèk moun. Nou pa konnen kiyès ki pral reponn mesaj levanjil la jiskaske nou pataje li. Menm jan an tou, nou pap janm wè rezilta lapriyè yo si nou pa lapriyè.

Yon mank lapriyè demontre yon mank lafwa ak yon mank de konfyans nan Pawòl Bondye a. Nou priye pou nou demontre lafwa nou nan Bondye, ke li pral fè menm jan li te pwomèt nan Pawòl Li a ak beni lavi nou anpil plis ke nou te ka mande oswa espere (Efezyen 3:20). Lapriyè se mwayen prensipal nou pou wè Bondye travay nan lavi lòt moun. Paske se mwayen pou nou "antre nan" pouvwa Bondye a, se mwayen pou nou bat Satan ak lame li a, san lapriyè nou vin san fòs pou tèt pa nou. Se poutèt sa, se pou Bondye jwenn nou souvan devan fotèy li, paske nou gen yon gran prèt nan syèl la ki ka idantifye ak tout sa n’ap fè fas (Ebre 4:15-16). Nou gen pwomès li ke priyè fevant yon nonm ki mache jis akonpli anpil (Jak 5:16-18). Se pou Bondye glorifye non li nan lavi nou jan nou kwè nan Li ase pou nou vin jwenn li souvan nan lapriyè.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Poukisa lapriyè?
© Copyright Got Questions Ministries