settings icon
share icon
Kesyon

Kisa sa vle di asepte Jezi kòm sovè pèsonel ou?

Repons


Eske ou asepte Jezikri kòm sovè pèsonel ou deja? Pouw konprann kesyon sa-a korètman, li enpotan pouw konprann siyifikasyon tèm « Jezikri » « pèsonel » ak « sovè » .

Kimoun Jezikri ye? Anpil moun admèt Jezikri kòm yon bon moun, yon gran mèt, ou egal ak yon pwofèt Bondye. Tout sa yo se verite, men konsep sa yo pa defini totalman kilès vrèman Jezi ye. Bib-la di nou ke Jezi se Bondye nan lachè, li se Bondye nan fòm moun ( Jan 1:1-14). Bondye te vinn sou latè pou ansenye nou, geri nou, korije nou, padonnen nou e mouri pou nou! Jezikri se Bondye kreyatè-a, souveren Senyè-a, èske-w asepte Jezi sa-a?

Kisa yon sovè ye, e poukisa nou bezwen yon sovè? Bib-la di nou ke nou tout fè peche ; nou tout komèt movè aksyon (Romen 3 :10-18). Kòm yon rezilta de peche-n yo, nou merite kolè ak jijman Bondye. Inik chatiman jis pou peche nou komèt yo kont Bondye enfini se yon chatiman enfini. (Romen 6:23 ; Revelasyon 20:11-15). Se pou tèt sa nou bezwen yon sovè.

Jezikri te vini sou latè e-l te mouri nan plas nou. Lanmò Jezi-a te peye dèt peche nou yo pou toutan. (2 Konrentyen 5:21). Jezi te mouri pou peye fòt peche nou yo. (Romen 5:8). Jezi te peye pri-a donk nou pa dwe anyen. Leve sòti vivan nan lanmò-a pwouve ke lanmò te sifi pou peye fòt peche nou yo. Se poutèt sa Jezi se yon sèl e inik sovè. (Jan 14 :6, Akt 4 :12). Èske-w kwè nan Jezi kòm sovè-w?

Èske Jezi se sovè « pèsonel » ou? Anpil moun wè krisyanis kòm asiste legliz; egzekite rit cérémoniel, e pa komèt sèten peche. Sa se pa krisyanis; Vrè krisyanis la se yon relasyon pèsonel avek Jezikri. Asepte Jezi kòm sovè pèsonel ou vle di mete pwòp konfyans ou e kwè nan li. Pa gen okenn moun ki ka sove ak lafwa lòt moun. Pa gen okenn moun ki ka padonnen poutèt kèk zèv li fè. Linik mwayen pou-w sove se asepte pèsonèlman Jezi kòm sovè-w, kwè nan lanmò-l kòm peman dèt peche nou yo e leve sòti vivan nan lanmò-l la kòm garanti lavi etènel-la. (Jan 3:16). Èske Jezi se sovè pèsonèl ou ?

Si ou vle asepte Jezikri kóm sovè pèsonel ou, di pawòl sa yo a Bondye. Sonje, di priyè sa ou nenpòt lòt priyè p’ap ka sove-w. Sèlman kwè nan Jezikri e sa li te fè sou lakwa kapab sove-w nan peche. Priyè sa-a se senpleman yon mwayen pou esprime konfyans ou nan Bondye e remèsye-l pou pwomès Sali-a li ba ou.

« Bondye, mwen konnen ke-m peche kont ou e-m merite pinisyon. Men mwen kwè Jezikri te pran chatiman-m te merite-a donk atravè konfyans nan li, mwen kapab jwenn padon. Mwen resevwa padon-w ofri-m nan e-m mete konfyans mwen ou pou sove-m. Mwen asepte jezi kòm sove pèsonel mwen! Mèsi pou kalite gras sa e mesi paske ou padone peche’m yo ! Amèn.

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa sa vle di asepte Jezi kòm sovè pèsonel ou?
© Copyright Got Questions Ministries