settings icon
share icon
Kesyon

Kisa atribi Bondye yo ye? Kòman Bondye ye?

Repons


Bib la, Pawòl Bondye a, di nou kòman Bondye ye ak kòman Li pa ye. San otorite Labib, nenpòt fason yon moun eseye eksplike atribi Bondye yo pap rive pi bon pase yon opinyon, ki pou kont anpil fwa pa kòrèk, espesyalman nan loptik konprann Bondye (Jòb 42:7). Di ke li enpòtan pou nou eseye konprann kòman Bondye ye se yon gwo egzajerasyon. Lè nou pa rive fè sa, sa ka lakòz nou fon kanpe, al chèche lòt fo dye epi adore yo, sa ki totalman kontrè ak volonte Bondye (Egzòd 20:3-5).

Se sèlman sa Bondye te chwazi revele de Li menm ke nou kab konnen. Youn nan atribi oswa kalite Bondye yo se "limyè," sa vle di ke Li revele pwòp tèt Li sou detay ki konsène ‘ L (Izayi 60:19; Jak 1:17). Nou pa ta dwe neglije lefèt ke Bondye revele konesans konsènan Li-menm (Ebre 4:1). Kreyasyon an, Bib la, ak Pawòl la ki te fèt chè (Jezi Kris) ap ede nou konnen kijan Bondye ye.

Pou kòmanse, nou dwe konprann ke Bondye se Kreyatè nou an e ke nou fè pati de kreyasyon Li a (Jenèz 1:1; Sòm 24:1), epi nou te kreye nan imaj Li. Lòm plase antèt tout rès kreyasyon an ,e li resevwa dominasyon sou li (Jenèz 1:26-28). Kreyasyon an te gache akoz Lèzòm te tonbe nan peche men malgre sa li toujou ba nou yon koudèy de travay Bondye yo (Jenèz 3:17-18; Ròm 1:19-20). Lè n konsidere imansite, konpleksite, bote, ak lòd kreyasyon an, nou ka gen yon bon lide de grandè Bondye.

Li kèk nan non Bondye yo kab itil nan rechèch nap fè sou kijan Bondye ye. Non yo se:

Eloyim - Sila a ki fò a, ki diven (Jenèz 1:1)
Adonay - Seyè, ki endike yon relasyon Mèt-ak-sèvitè (Egzòd 4:10, 13)
Èl Elyon - Trè-Wo, Èt ki pi fò a (Jenèz la 14:20)
Èl Royi - Sila a ki fò a e ki wè tout bagay (Jenèz 16:13)
Èl Shaday - Bondye ki gen tout pouvwa a (Jenèz 17:1)
Èl Olam - Yon Bondye ki gen tout pouvwa (Izayi 40:28)
Yawe - SEYÈ "Sa M' ye a se sa M' ye," ki vle di egzistans Bondye san limit (Egzòd 3:13, 14)

Bondye se yon Dye etènèl, sa vle di Li pa te gen okenn kòmansman epi egzistans li pap janm fini. Li imòtèl ak enfini (Detewonòm 33:27; Sòm 90:2; 1 Timote 1:17). Bondye enchanjab, sa vle di Li pa ka chanje menm lè tan yo chanje; sa eksplike tou nou ka totalman depann de Bondye ak fè’ L konfyans (Malachi 3:6; Resansman 23:19; Sòm 102:26, 27). Bondye enkonparab; pa gen okenn lòt kon Li, ke se yon moun sinon yon zèv. Li pa gen egal e Li pafè (2 Samyèl 7:22; Sòm 86:8; Ezayi 40:25; Matye 5:48). Bondye se inpenetrab, ensondab, e menm lè nou chèche anpil, nou pap janm rive konprann Li konplètman (Izayi 40:28; Sòm 145:3; Ròm 11:33, 34).

Bondye jis; Li pa gade sou figi moun, Li pa nan patipri (Detewonòm 32:4; Sòm 18:30). Bondye omnipotan; Li Tou-puisan e Li ka fè tout bagay ki fè’ L plezi, men aksyon Li ap toujou an akò ak rès karaktè L’ yo (Revelasyon 19:6; Jeremi 32:17, 27). Bondye omniprezan, sa vle di Li la tout kote, men sa pa vle di ke Bondye se tout bagay (Sòm 139:7-13; Jeremi 23:23). Bondye omnisyan, sa vle di Li konnen pase, prezan, ak sa ki gen pou rive, Li menm konn sa nou ap panse nan nenpòt ki moman. Pliske Li konnen tout bagay, jistis Li yo toujou ap toujou administre san patipri (Sòm 139:1-5; Pwovèb 5:21).

Bondye se yon sèl; non sèlman pa gen okenn lòt, men tou Li menm pou kont Li la pou satisfè bezwen pwofon ak dezi kè nou yo. Bondye sèl merite adorasyon ak devosyon nou (Detewonòm 6:4). Bondye jis, sa vle di Bondye pa kapab epi pap kite yon bagay ki pat dwe fèt pase. Se akoz de dwati ak jistis Bondye ki fè ke pou peche nou yo te ka padonnen, Jezi te oblije sibi kòlè Bondye lè peche nou yo te plase sou Li (Egzòd 9:27; Matye 27:45-46; Romans 3:21-26).

Bondye souveren, sa vle di Li se yon Èt siprèm. Tout kreyasyon L’ yo met ansanm pa ka bloke objektif Li (Sòm 93:1; 95:3; Jeremi 23:20). Bondye, se lespri, sa vle di Li envizib (Jan 1:18; 4:24). Bondye se yon Trinite. Li se twa nan yon sèl, menm sibstans lan, menm kantite pouvwa a ak laglwa. Bondye se verite, Li pap janm ka kòwonpi e Li pa ka bay manti (Sòm 117:2; 1 Samyèl 15:29).

Bondye sen, Li separe de tout salte moral e Li vrèman pa sipòte yo. Bondye wè tout sa ki mal e sa fè L’ fache. Nou ka konsidere Bondye kòm yon dife k'ap boule (Izayi 6:3; Abakouk 1:13; Egzòd 3:2, 4-5; Ebre 12:29). Bondye gen pitye, epi gras Li gen ladan l’ bonte L’, dousè L’, sansibilite L, ak lanmou L’. Si se pa t pou favè Bondye, Nan Sentete L’ Li tap wete nou nan prezans li. Erezman se pa sa ki rive, paske li vle konnen chak grenn nan nou pèsonèlman (Egzòd 34:6; Sòm 31:19; 1 Pyè 1:3; Jan 3:16; 17:3).

Pliske Bondye se yon Èt enfini, okenn moun pa ka konplètman reponn gwosè kesyon sa a, men atravè Pawòl Bondye, nou ka konprann plis sou kiyès Bondye ye ak kijan Li ye. Se pou nou tout kontinye chèche Li (Jeremi 29:13).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa atribi Bondye yo ye? Kòman Bondye ye?
© Copyright Got Questions Ministries